Yon fanmi imigran a la rechèch de yon kay nan mitan yon tanpèt politik

Istwa sa a te jwenn sipò Sant Pullitzer. Se Lily Qian ki te fè ilistrasyon yo pou WBUR. Entèvyou pou istwa sa a te reyalize nan lang espànyòl.

Sthoughton – A kèlke pa de otowout la, an fas yon ponp gazolin e yon bann biwo sèvis, yon pankat kouvri ansèy yon ansyen otèl. Kay sa a se li menm ki tounen abri kounye a pou plis pase 130 fanmi, pi fò nan yo sot Ayiti, yo te twouve chemen yo nan Massachusetts.

Antre hall la te chaje ak bri anpil douzèn moun, genyen ki avèk ti bebe nan bra yo, gen lòt k ap pale ak travayè sosyal yo sou ki sa pou yo fè pou yo jwenn yon papye travay ou byen yon lojman.

Frantz ak Heroína Edouard e de (2) pitit fi yo pataje yon chanm isi a ki gen 2 gwo kabann ak yon twalèt. Pa gen kuizin, men moun k ap bay sèvis yo sèvi jis ka twa (3) repa pa jou nan hall antre a. Frantz gade sa tankou yon benediksyon paske fanmi li jwenn yon kote pou l rete.

“On moun dwe pou di mèsi pou tout bagay, “ li di. ‘Si nou pa t jwenn sistèm sa a an plas ki te fè tout bagay sa a yo pou nou, nou t ap nan yon move kote.

La fanmi Edouard te vini nan Boston nan mwa dout ane pase a aprè yon vwayaj trè long nan peyi Brezil e yon pakèt lòt kalamite nan lòt eta yo. Yo te tande ke gen anpil èd nan Massachusetts e yo te deside tante chans yo isi a. men dè ke yo met pye yo isit, klima politik la kòmanse chanje – Li vin koute pi plis lajan pou pran swen moun ki fèk vini yo, e politisyen, pami yo kandida Repibliken pou prezidan an, t ap chofe dife pou di vye bagay sal kont imigran yo.

La fanmi Edouard t ap konsantre yo sou avni yo kounye a menm nan vil travayè sa a ki sitiye a pe prè 20 miles, 32 km nan sid Boston. Yo te pami premye fanmi ki te plase nan Stoughton, nan tan ke otèl sa a te toujou konn ap loje lòt vizitè.

“Se jis lontan aprè ke lòt Ayisyen te kòmanse rive,” Heroína di. “Se lè sa yo te fèmen otèl la pou yo resevwa etranje yo sèlman.”

An mezi ke anpil fanmi ap vide nan eta a, gouvènè a te deklare eta dijans e li te aktive Gad Nasyonal la pou sipèvize e bay sèvis de baz yo nan abri yo tankou sila a ki nan Stoughton nan. Otèl la te sanble l fèk bati e byen pwòp, men avèk anpil moun k ap viv pil sou pil sa a, dèfwa lòbèy konn pete ant imigran yo. Heroína di li te rive yon moman kote li menm ak Frantz te konn ede distribye akseswa yo, e lòt Ayisyen yo te akize yo de moun k ap vòlè panmpèz ak rad.

Viv kwense nan yon ti chanm tou piti, koupe de tout routin vi nòmal, Heroína te santi l tankou yon moun ki nan prizon premyèman. Men avèk le tan, li di, anpil nan fanmi yo kòmanse rapwoche e kòmanse ede voye je sou timoun youn ak lòt.

“Tout timoun ki nan otèl la vle vizite chanm nou an, “li di avèk fyète. “Nou chante e nou fè yo ri e nou jwe mizik pou yo.

Men pi gran pitit fi yo a, sa k gen 20tan an, Ana, plis jou yo t ap pase plis yo te pote tristès e li te santi l izole.

“Mwen pa pale ak tout moun,”li di. “Mwen sèlman rete nan otèl la, etidye, ki trè bon tou. Men mwen la a tout la jounen san fè anyen ankò. »
Ana di l santi l gen depresyon dèfwa. Li te vle pou l antre nan yon inivèsite kominotè, men li te vle pou l fè tradui tout papye klas segondè l yo ki nan lang pòtigè an anglè, e sa ap koute lajan. E l te konnen ke l dwe aprann anglè pou l ka atenn objektif li yo.

Tout fristrasyon nan mwa nou pase nan chanm otèl la, se te yon delivrans lè w nan yon plas kote bezwen debaz yo te kouvri: manje, edikasyon ak swen sante. “Tou de 2 pitit fi m yo gen anemi, e isit la, mèsi Bondye, yo ban nou opòtinite pou yo ka jwenn tretman, “ Heroína di.

Fransheily, pitit fi la fanmi Edouard ki gen 7tan an, te aprann anglè a vit nan lekòl li. Kòm li ta p avanse nan premye ane lekòl la, papa l te konn travay nan nuit ap netwaye chanm nan lopital. Li te gen espwa sa ka kondui l nan travay nan pakinn lopital la, e evantyèlman, nan fè karyè nan chofè gwo kamyon.

Heroína di li te pare pou nenpòt djòb li ta jwenn. Men l ap redi pou l jwenn papye otorizasyon travay.

“Mwen enkyete de anpil lòt bagay,”li di.”Mwen pa abitye pou m annik leve e poze dèyè m yon kote. E mwen enkyete paske mari m sèlman pote $400 dola nan kay la chak semèn.”

Avèk lajan sa a, li di, yo dwe remèt kòb yo te prete pou yo te ka vinn Boston an. E se pa pwoblèm finans sèlman yo genyen. Anvan lontan, Leta a pral voye lèt bay tout moun ki abite nan abri yo pou di yo ke yo ka rete 9 mwa sèlman. Fanmi an dwe al chache yon lòt kote pou y ale.

<strong>Demand pou abri monte men otè</strong>

La fanmi Edouard nan pami vag imigran ki antre nan Massachusetts ki sòti an Ayiti ak anpil lòt peyi ki an boulvès. Pandan ke Leta a pa janm chache konnen ki kantite nonb lan ye, Enstiti Sèvis Fanmi Imigran, yon gwo sèvis èd local, di ke l te sèvi plis pase 26,000 fanmi Ayisyen nan 3zan k sot pase yo.

Pawòl t ap sikile rapidman nan mitan imigran yo ke Leta Massachusetts se yon Leta akeyan. Tout fanmi ak timoun ki gen pèmisyon antre nan Etazini kalifye pou èd anba lwa Leta a “Dwa pou jwenn kay”la, ki depi dè dizèn dane ap pwomèt kay pou fanmi ki pa gen kote pou yo rete.

Kòm demand pou kabann nan abri yo t ap vin pi plis nan mitan lane 2023 a, otorite yo t ap kontinye chache plas. Leta a siyen kontra lokasyon a lamyab pou 59 otèl tounen abri.

“Se te yon sitiyasyon ijant, k ap devlope la a, “Lauren Easton, yon a la tèt ki nan Commonwealth Care Alliance, yon òganizasyon ki pa gen objektif fè pwofi ki chaje pou jere 9 nan otèl sa a yo, ladan yo 2 sa k nan Stoughton yo, deklare.

Pi fò nan moun ki desann nan otèl sa a se Ayisyen, avèk kèlke Venezyelyen e kèk sitwayen Ameriken tou. Yo tout g on bagay an komen, Easton di: yo bezwen pou yo responsab tèt yo. Pou kounye a, yo bezwen mwayen pou yo jwenn pèmi travay, enskri timoun nan lekòl, aprann anglè e chèche travay ak lwe kay pèmanan nan zòn ki gen anpil kay pou lwe e ki manke apatman.

An plis de travayè sosyal e èd legal yo, òganizasyon k ap ede a ap chache ekip ajan sekirite, enfimyè ak entèprèt ki maton nan Kreyòl Ayisyen an ak lang Panyòl. Easton di objektif la se pou nou kreye yon “anviwonnman alèz e sekirize” pou envite nou yo, anpil ladan yo te andire “anpil peripesi” anvan yo te vin jwenn refij nan Massachusetts.

<strong>Refoulman Lokal</strong>

Nan tout Eta a, kelke rezidan ak politisyen pa vle wè prezans okenn imigran nan kominote yo a.

“Stoughton se yon bèl ti vil ki gen anpil moun k ap travay,”Lisa Lyons, ki a la tèt komite finans vil la e ki prezide ansanm nan seksyon Repiblikèn lokal la di. “E nou vle kite l rete jan l ye ya.”

Lyons kwè ke lwa abri a pa t dwe aplike sou imigran yo e li kritike Leta a pou tèt yo fèmen 2 otèl piblik vil la. Li afime ke desizyon sa a fè vizitè yo kanpe lwen e li dekouraje tout aktivite biznis.

“Lè w gen nivo imigrasyon sa a nan yon kominote,”Lyons di,”ou pran tan w, ou pran anpil tan, epi, “Oh non, se tan pou leve vwa w. “E tan an se kounye a.”

Istwa trè long de imigrasyon nan Massachusetts.

Direktè Minisipal vil Stoughton nan, Tom Calter di li pa dakò avèk Lyons sou pwen sa a, tankou sou anpil lòt sijè. Nan yon entèvyou, li di ke moun ki nan abri yo, yo gen otorizasyon pou yo rete nan peyi a. li plase Ayisyen yo nan yon long istwa imigrasyon nan Massachusetts.

“Sa gen 75zan, pèp mwen an, Ilandè yo, pa t byenveni, “ Calter di. “Nou te andire bagay sa a yo paske nou se Amerika. E mwen ka di w, Stoughton se yon modèl a suiv pou tout rès komonnwèlf la e tout rès peyi a kounye a.”

Yon sondaj resan ki te fèt bò kote elektè pwobabl nan Massachusetts yo revele ke 7 moun sou 10 “trè” ou pito trè senpatik avèk imigran yo isit la. Men kantil saji de refij, yo divize selon 3 kritè sa a yo: sa k an favè lwa sou kay refijye yo; sa ki sipòte pou yo limite tan refijye yo; e sa ki vle pou yo retire imigran nan lwa a. anviwon 30% moun reponn kesyon ki te poze yo.

Calter rekonèt ke afè abri sa a pote anpil presyon sou Stoughton. Li t ap plenyen o kòmansman ke otèl yo ki fèmen an kapab koute vil la yon demi milyon dola pèt nan resèt fiskal la, e ke distri eskolè a ta ka bezwen yon ogmantasyon nan pwofesè lang anglè pou sèvi plis ke yon santèn nouvo elèv.

Men Leta a aksepte pou yo remèt vil la kòb yo pèdi nan reset fiskal la, Calter di, e pou yo ede lekòl Stoughton yo anplwaye plis pwofesè.

Peter Durant, yon senatè Leta ki sot Spencer, nan lwès Worcester, deklare ke benefis Leta bay yo, fè Massachusetts tounen yon “leman” pou imigrasyon. Li te boukante plas senatè l la o pwofi de pati Repibliken an nan yon eleksyon espesyal mwad novanm lane dènyè a, an pati nan denonse kantite lajan pou abrite imigran yo koute.

“Èske nou pa sipoze pran swen pwòp sitwayen pa nou an premye?” Durant di sa se yon santiman ke anpil elektè pataje avèk lòt elektè a travè tout peyi a.

Pandan ke kriz abri a ap dewoule nan Massachusetts, Donald Trump parèt an tèt nan lis prezidan pati Repibliken an pou yon twazyèm fwa. Menm jan ankò avèk pwomès pou l fè “Amerika vin pi gran ankò,” li remete slogan anti-imigran l nan kòm nannan kanpay li. Trump pral angaje l pou l fè “pi gran operasyon depòtasyon nan listwa peyi nou an”nan premye jou prezidans li yo.

Men se pa sèlman Replibliken yo ki opoze ak pri sèvis abri yo k ap grenpe monte a. Alòske plis pase 3,500 fanmi imigran vin double demand nan sistèm abri a, pri yo grenpe monte plis pase 1 milya dola pa ane – prèske 3 fwa la valè sa k te prevwa pou bidjè a.

Leta te oblije foure men nan rezèv li pou l ka fè fas ak defisi a. E nan mwa doktòb pase a, Gouvènè Maura Healey te deside mete yon fen nan simaye abri yo tout kote.

“Nou pa gen ase plas, moun k ap bay sèvis, ou byen ase fon pou nou kontinye san pwoblèm odela de 7,500 fanmi, » Healey te di lè sa a. An plis de sa, Massachusetts pa p kapab garanti abri ankò e l ap limite dire sejou a a 9 mwa, sa k pral met boulvèsman nan lwa abri a ki la depi plis ke dè dizèn dane.

Gouvènè Healey te menm voye fonksyonè Leta sou bò fontye sid Etazini an avèk yon mesaj: Massachusetts ranpli.

Kritik yo te deklare ke vwayaj fonksyonè yo nan Texas la pa p kakab fè gran choz pou anpeche imigran yo vini isit la. Men g on sèl bagay ki te klè: Aprè Gouvènè a fin mete yon limit nan ofri abri pou imigran yo, fanmi tankou lafanmi Edouard pa p kapab rete endefiniman.
Dat echeyans lan ap pwoche

Fanmi an te nan otèl Stoughton nan depi 8 mwa deja lè delè 9 mwa tonbe. Pou Frantz, reyalite a parèt byen vit.

“Nou dwe prepare nou, paske lè nou kite isi a, se nou ki pral responsab tout bagay nou,” li di. “Nou dwe kòmanse panse a fè ekonomi.”
Yo pa pral lage yo pou kont yo nèt. Leta te ofri yon sibvansyon pou lwe kay ak tout moun k ap kite abri yo – anviwon $1,250 dola pa mwa rive monte sou 3zan. Depi yo kapab jwenn yon apatman.

Travayè sosyal la fanmi Edouard a te ede yo chache kay nan tout ajans ki lwe moun kay nan tout zòn yo. Yo te aplike pou yon apatman nan yon bilding 3 etaj nan Norwood, on ti jan pi prè Boston, e yo t ap ret tann ki lè pou yo rele yo pou yo bwote nan kay la.

Koup la te trè konfyan ke finalman yo ta pral gen pwòp kay pa yo. Pandan yo kanpe deyò a e y ap gade kay la anlè, Heroína t ap imajine ke finalman yo ta pral kite abri pil sou pil la.

"Chanjman mwen bezwen an se pou m ta g on ti plas ki relem chè mèt, chè mètrès, pou m etidye, pou m travay – e pou m ap gade timoun mwen yo k ap grandi.” li di.”E yon jou mwen ta renmen voye chache pitit gason m nan e mennen l isit la.”

Emmanuel, pitit gason la fanmi Edouard ki gen 22zan an, te rete dèyè lè rès fanmi Edouard a te fè vwayaj trajik sa a pou rive Etazini. Sa boulvèse Heroína anpil paske Emmanuel toujou nan peyi Sendomeng, e li santi ke yo kapab reyini yon lòt fwa ankò dè ke fanmi an ta gen pwòp kote pa yo pou yo rete.

Men anpil semèn t ap pase yo pa janm tande yon mo de moun kay Norwood yo. Yo vin aprann dènyèman ke yo lwe l ak yon lòt moun. Heroína te dekouraje nèt.

La fanmi Edouard te pase pa jeng Darién an pou rive isi, e yo rete soude ansanm kòm yon fanmi aprè prèske yon ane detache. Kounye a yo vle rekonstui vi yo isit nan Massachusetts. Men teren an trè glise anba pye yo, tout jan, politikman e avèk pwoblèm lojman an sa afekte lavi yo e menm lavi moun ki te la lontan anvan yo.

Delè pou yo te jwenn yon kay ap rive sou yo.

“Si nou pa t jwenn yon apatman, nou ta prale nan yon lòt Eta, ”Heroína di. ” Men mwen déjà gen tan abitye isit la. Si w ale, se kòmsi ou pral rekòmanse tout bagay ankò.”

Sa a se dezyèm istwa nan yon seri ki gen 3 pati. <a href="https://www.wbur.org/tag/massachusetts-haitians-immigration-series">Dènye pati a pral pibliye nan lòt semèn k ap vini yo</a>.

Ou ka li premye istwa isit la.

Pati sa a te sou radyo nan jou ki te 4 novanm, 2024 la.