Istwa sa a te jwenn sipò Sant Pulitzer. Se Lily Qian ki te fè ilistrasyon yo pou WBUR. pa Simón Rios WBUR
Frantz Edouard ak fanmi li te an sekirite nan Etazini.
Men li pa t ka manje, li pa t ka dòmi. Anpil jou t ap pase san nouvèl madanm li, Heroina. Heroina ak 2 pi piti nan pitit fi l yo te nan wout pou yo vin jwenn li. Men yon sèl bagay ke Edouard te konnen avèk asirans, sè ke yo te yon kote nan yon rak bwa nan Panama.
Frantz Edouard te deja fè vwayaj long sa a nan travèse fontyè pou finalman antre Meksik kote li pran yon bis lage’l Indiana. Trè lwen de peyi kote l te fèt la, Ayiti-e ankò pi lwen toujou ke Brezil, kote li menm ak fanmi li te deja pase dènye 10zan yo-li rete ap tann nouvèl Heroina. Li pa t kapab bliye imaj lanmò ak vyolans li te konn wè sou tout wout sa a kote fanmi l ye kounye a. Lavi pa fasil pou Ayisyen.
”Edouard di.”anpil ane ap goumen. Nou toujou nan goumen. Sanble se lè w mouri sa fini.”
Nan mitan vyolans gang ak anachi k ap ravaje Ayiti-E politisyen Ameriken ki brake pwojektè yo sou pil imigran k ap sòti sou zile a-WBUR te deside konnen kòman dènye gwoup imigran yo ap degaje yo nan Massachusetts, yon eta ki deklare dezòmè pou yo pa vini. Alòske la fanmi Edouard t ap eseye pou yo rekòmanse a zero, presyón yo te vin pi fò pou fèmen pòt sou tout imigran nan yon eta ki te toujou akeyi tout fanmi avèk timoun.
“Ou dwe kouri kite peyi sa a’’
Istwa Frantz Edouard a pa diferan ak kantite milye lòt Ayisyen ki vin nan Massachusetts. Chache yon kote ki an sekirite kòmanse depi yon bon bout tan. Li sove kite Ayiti trè jèn pandan boulvèsman ane1990 yo, aprè premye koudeta kont prezidan a lepòk la, Jean-Bertrand Aristide.
Edouard sonje lè vyolans yo kòmanse frape pwòp fanmi li: “Premyèman yo touye papa m, aprè yo touye yon bòfrè m.”
Li kite peyi a l al kay vwazen an nan Repiblik Dominikèn, ki chita nan pati lès la ki pataje zile a ak Ayiti. Laba a, li fè pati yon kominote Ayisyèn, kote li rankontre Heroina Santo Bueno, ki se pitit fi yon lidè legliz potestan. Papa l te Ayisyen, manman l te dominikèn. Aprè yon long ane ap koutize l, Frantz ak Heroina marye e yo fè 2 premye pitit yo, yon gason ak yon fi. Men yo di yo te konn jwenn anpil diskriminasyon nan Repiblik Dominikèn, e Frantz pa t ap janm jwenn papye pou l travay. Li di : "Retounen an Ayiti pa t janm yon opsyon.
"Ou kouri sove kite yon peyi. Ou pa ka retounen nan peyi sa a si pa gen yon gouvènman, si l pa gen sekirite. " Konsa yo deplase y al nan Florianopolis ki nan sid peyi Brezil. Yo te santi yo byenveni nan peyi sa a ki te akeyi prèske 200,000 Ayisyen nan ane k sot pase yo. Frantz ak Heroína travay nan faktori twal, nan restoran ak boulanje, pami anpil lòt djòb ankò. Heroína fè yon lòt pitit fi ankò.
Nou pa ka retounen nan peyi n si pa gen gouvènman, si li pa gen sekirite.
Frantz Edouard Menm, prèske nan10zan, Frantz di, yo poko gen ase mwayen pou yo kontinye viv. Ou travay, w ap peye kay pou rete ak manje pou w manje, men ou pa ka ede yon fanmi ki ret an Ayiti, e ou pa ka prepare avni pitit ou, “li di. “Donk mwen chita pale ak madanm mwen: “An nou pran wout la tankou tout lòt moun yo.” Se te an 2022 a, nan mitan pil ak pakèt Ayisyen ki vle antre Etazini e k’ap kontinye jis kounye a. Patwouy ofisyèl nan fontyè a jwenn ak 54,000 Ayisyen k ap eseye antre Etazini pa fontyè Meksiko a nan ane sa a-rive monte sèlman 4,400 2 lane anvan yo, e nomb sa a ka rive jiska 90,000 ane sa a.
Kite Brezil
Frantz ak Heroína se moun ki nan mitan 40tan yo. L ap panse tou dousman, men li kontan lè l ap gade timoun yo. Heroina renmen ri souvan, e limenm tou li prese pou’l rakonte istwa l. Men vizaj li vin tris lè l ap raple l tout sa l te pase pou l rive la a. Frantz fè menm wout la ak tout lòt imigran yo k ap chache refij nan Etazini. Depi nan sid peyi Brezil, yo ka vwayaje monte jis nan Amerik Santral ak nan Meksiko, ansuit aplike pou azil epi jete yo nan Etazini.
Lè Frantz t ap prepare l pou kite Brezil la, Heroina pa t santi l an sekirite pou l fè wout la ak tout fanmi l. li t ap tande tout kalamite Ayisyen yo t ap fè fas lè y ap travèse Darién Gap, yon rak bwa san wout ki separe Amerik di Sid ak Amerik Santral.
"Te gen anpil kadejak ki fèt, ”li di, ”yo tiye anpil moun. Mwen di l mwen pa pral mennen pitit mwen yo nan deblozay sa a.”
Donk Frantz degaje l pou kont li, li met deyò nan direksyon Nò avèk lòt konpayon li jwenn sou wout la. Apre li finalman antre Indiana, li ka met espwa ke madanm li ak pitit fi li yo va suiv li. Li di anpil fanmi kraze konsa lè madanm ak mouche imigre chak moun bò pa yo. ”Fanmi an kraze, ”li di. ”E fanmi w se bagay ki pi enpòtan. ”
•••
Fanmi Ayisyen yo antre nan Etazini nan plizyè fason. Genyen ki aplike pou azil depi sou fontyè a, pandan ke gen lòt ki gen fanmi nan U.S ki pou sponnsò yo nan demach yo avèk imigrasyon, yo pran avyon pou Amerika. Militan lokal yo afime ke sèten ladan yo sou siveyans, yo sove anba je otorite imigrasyon yo.
Marline Amedee ki a la tèt Haitian Community Partners, yon òganizasyon non pwofit ki nan Brockton, di se premye destinasyon pou moun ki fèk vini yo. Li di anpil ladan yo vwayaje vin isi a aprè anpil ane nan Brezil ou byen Chili, pou rezon politik ou ekonomik oblije fè yon lòt vwayaj nan kontinan an.
“Tout sa k ap pase la a kounye a, se konsekans tout sa ki te rive yo nan peyi ki te akeyi yo a, “Amedee di. “Ki ta fòse yo pou yo pati.”
Amedee di li fè sans sèlman ke moun yo vin nan Etazini.
“Se peyi ki bay anpil opòtinite ak peyi libète, “li di. “Donk kiyès ki pa ta renmen vin isit la e jwenn yon meyè plas … kote ke yo pa gen okenn tèt chaje?” Kanmenm sa a se lespwa.
Darién Gap
Uit 8 mwa aprè Frantz fin kite, Heroina te prèt pou l fè vwayaj la tou. Anpil rimè t ap sikile ke imigran k ap travèse Darién Gap yo pa t tèlman jwenn atak sou wout la, paske santèn milye moun k ap travèse zòn nan vin ogmante yon ekonomi infòmèl pou gid k ap kondui yo a. Heroina ak pitit fi l yo, ki nan laj 6 ak 18 tan lè sa a, pran wout la a pye depi nan sid peyi Brezil ansanm ak 2 lòt manb fanmi an – yon gwoup de 14 moun.
Heroina di pitit gason yo a, Emmanuel ki gen 22zan, te pè anpil pou sa yo ka andire sou wout la, li retounen al jwenn lòt fanmi yo nan Repiblik Dominikèn. Heroina di mache anpil la te tankou yon bagay ki p ap janm fini.
‘’Imajine w,” li di, “yon fanmi ak 3 ou 4 timoun, ap mache. Twa mwa ap mache.”
Sèl sa yo te gen pou yo manje se soup noudol, li di: Anpil fwa granmoun yo pa manje. Nou bay timoun yo sa k genyen an e nou menm nou rete konsa.”
Difikilte yo te vin pi plis a mezi ke n ap antre nan rak bwa a. yo pèdi kontak avèk Frantz, ki pa ka imajine ki sa fanmi l ap konfronte. “paske m te pase ladan l pou kont mwen an premye, “li di, “Mwen te wè rivyè a k ap raboure moun lòtbò avèk pitit yo. Vòlè k ap tiye moun. Bagay sa a yo rete grave nan memwa w.”
Frantz te gen rezon pou l te enkyete. Heroina di ke yo dòmi nan labou, sou kote rivyè a ki on ti jan kalm lè yo kouche. Yon nuit, dlo ak tanpèt te prèske pote yo ale. “Mwen tande yon moun rele, “Mezanmi, men la rivyè a desann. “li raple l. “Si nou pa t kouri leve byen vit, nou pa t ap la a jodi a pou nou rakonte istwa sa a. “ Pi gran pitit fi yo a, Ana, soufri ak anemi, e avèk pi piti a Fransheily sou do l, Heroina di gen dè fwa li pa ka pote l. “Ana t ap kriye, e mwen pa t ka sipòte l. Mwen t ap kriye tou. Mwen di, “O Bondye, ki sa m fè ? Pouki sa mwen pa t rete o Brezil ?”” Heroina di yo jete enpe bagay ki te nan sak a do yo pou yo rann fado a pi lejè e yo kontinye mache. Ana vin gen 19van l nan mitan jeng lan.
Aprè prèske yon semèn, gwoup la resi fin pase Darién e nou fè Frantz konnen ke tout moun te trè byen. Tout suit aprè yo rive Mexico, kote yon lòt obstak t ap tann yo. Administrasyon Biden nan t ap eseye pou diminye istwa bann imigran sa a yo – pa sèlman Ayisyen ak laten Ameriken yo, men tout lòt imigran ki sot an Azi ak an Afrik. Peyi Meksik te aksepte pou ede limite kantite imigran k ap rive sou fontyè Etazini yo, sa okazyone anpil tan ap tann pou imigran k ap tante antre Etazini yo. Li pran senk 5 mwa anvan pou Heroina jwenn fe vè pou l aplike pou azil.
Apèl pou Boston
Aprè yo fin separe pandan prèske yon ane, la fanmi Edouard reyini ansanm ankò nan Indiana. Frantz di li te gen yon djòb nòmal nan Indiana, men fanmi li pa t ka jwenn okenn sèvis sosyal yo, tankou kat pou achte manje ak èd nan fil aplikasyon yo. Konsa yo te prepare yo pou yo fè yon lòt deplasman, ansuit dirije yo nan Philadelphia kote Heroína te gen fanmi l. Rive la a, Frantz vin fè fas ak yon lòt pwoblèm: pa gen travay. ‘’Se lè sa a gen yon zanmi ki rele nou, ki di nou, “Sa k fè nou pa eseye Boston? Yo ka ede fanmi w lòt bò a, “li di. “Konsa mwen pale avèk madanm mwen, e nou deside pou nou vin Boston."
Pouki se Massachusetts se pa okenn lòt kote ? Pou la fanmi Edouard, yon senp ti konsèy konsa ta ka ede yo vin rich isit nan Boston. Men yo pa konnen ke fòs politik yo trè fò. Massachusetts gen yon lwa inik pou tout eta a “dwa pou lojman,“ se yon lwa ki pwomèt èd ak fanmi san kay ki gen timoun. Yon lojman an ijans, kat pou achte manje, ak asistans sosyal pou ede moun ki fèk vini yo navige sistèm yon peyi nouvo, e k ap souvan ede w jwenn èd legal ak klas Anglè.
“Se lè sa a gen yon zanmi nou ki rele nou li di, “Pouki sa nou pa al Boston? Yo kapab ede fanmi w lòt bò a.’’
Nan mwa dout lane dènyè, fanmi an pran bis e yo dirije yo sou Boston.
“Zanmi nou an te di nou ki kote pou n ale, se te yon lopital kote yo ka mete w an kontak ak sèvis sosyal yo, “Heroína di. Se te Boston Medical Center, yon kote ki gen anpil aktivite nan vil la, nan South End nan, kote anpil imigran jwenn abri pou yo rete. Heroína di travayè lopital yo bay fanmi yo yon plat manje cho epi yo voye yo nan Logan Èpot, se la yo twouve yo nan mitan dè santèn moun ki fèk vini.
Diran mwa ki vin aprè yo, anpil nan fanmi sa a yo fè ladesant nan yon gwo hall nan yon tèminal nan Logan Èpòt Entènasyonal nan Boston. Plas sa a te tounen yon abri povizwa, avèk plizyè santèn moun k ap dòmi la chak swa Bondye mete. G
ouvènè Maura Healy yon tan aprè t ap chache mwayen pou l fèmen abri sa a. Men nuit sa a, yo te kondui la fanmi Edouard nan yon lòt sistèm asistans ijans pou fanmi an difikilte. Byen bonè nan maten, anpil bis ke leta te voye te vin chache Ayisyen yo pou mennen yo al enskri nan Depatman Asistans Sosyal, ansuit depoze yo nan tout abri ki genyen nan rejyon an. Yo te depoze fanmi an nan Stoughton, 20 mayl prèske 32 kilomèt nan sid Boston.
Yo te premye gwoup imigran ki te desann nan otèl sa a ki te vin yon plas espesyal pou akeyi plis ke 130 fanmi. Massachusetts bay fanmi Edouard sa yo t ap chache a kounye a: manje avèk yon twa sou tèt yo. Men yo te pami plizyè milye lòt fanmi ki nan bezwen sa ki nesesè, epi klima politik la ta pral chanje byen vit.
Yon Eta ki te toujou rekonèt kòm yon Eta ki konn ede fanmi ki pa gen kote pou yo rete di li pa gen plas ankò, e poltisyen yo nan tou lè de pati yo te vle pou peze fren an sou plizyè santèn de milyon dola k ap depanse.
Kèlke Repibliken te vle pou yo amande e retire imigran nan lwa sou asistans kay la, pandan ke gwo tèt Demokrat yo yo menm t ap chache wout pou rezon imanitè e bay pwogram abri a plis fòs. Anpile pil sou pil nan chanm otèl la, la fanmi Edouard deside aprann pale Anglè e chache travay. Men anvan lontan yo vin kòmanse ap poze tèt yo anpil kesyon ke anpil imigran ki fèk vini toujou poze: èske la a se dènye etap nou? Sa a se premyè istwa nan yon seri ki gen twa (3) pati. Rès istwa yo pral pibliye nan semèn k ap vini yo.